Radyo Vwa
Peyizan Papay
93.9 FM — Papay, Ench, Depatman Sant
Yon radyo kominotè ki fòme, enfòme epi distrè popilasyon an. Koute nou kèlkeswa kote ou ye, dirèkteman sou entènèt.
Wè pwogram yoAn poz — peze pou koute
Sa k ap tann ou nan semenn nan
Wè emisyon k ap pase kounye a, sa k ap vini apre, ak tout gri pwogram 93.9 FM (lè Ayiti).
Ap chaje…
Yon radyo ki soti nan mitan peyizan yo
Nan sousi pou fòme ak enfòme popilasyon nan depatman sant, prensipalman peyizan yo, MPP deside kreye RVP 20 mas 1995. Se yon radyo kominotè, zouti kominikasyon kap kontinye travay edikasyon popilè òganizasyon an ap fè sou teren an.
Gras a diferan emisyon ki fè pati pwogramasyon radyo a, nou reponn ak twa misyon medya genyen: enfòme, fòme ak distrè oditè yo. RVP chita nan Papay, twazyèm seksyon Agwayedyond riv dwat, komin Ench, depatman Sant peyi Dayiti. Nou fè pati rezo radyo kominotè yo ki fonksyone anba lobedyans SAKS, e nou se manb REFRAKA.
Ekri nou oswa vin jwenn nou
Yon kesyon, yon pwopozisyon patenarya, oswa yon envitasyon? Kontakte ekip RVP la.
Kote nou ye
Papay, 3yèm seksyon Agwayedyond, Komin Ench, Depatman Sant, Ayiti
Frekans
93.9 FM Stereo — epi an dirèk sou entènèt 24/7
Imèl
radyovwapeyizanpapay@gmail.com